Avi inondasyon poutèt bonkou lapli ak loray meteyo prevwa pou jodia ak rès wikenn nan : pran prekosyon
23 mars 2018 à 17:41
Publiée
Avi inondasyon pou wikenn Pak la (mars 2018).
Pòtoprens, 23 mas 2018.- Inite Idwometeyo peyi d Ayiti kenbe avi inondasyon li te lanse ayè jedi a poutèt bonkou lapli ak loray ki prevwa frape plizyè depatman peyi a jodia ak pandan wikenn nan.
Vrèman vre, gen yon fwon frèt ansanm ak yon lòt zòn move tan - ki sou zile a jodia - k ap kontinye aji sou sitiyasyon meteyo a nan Atlantik la ak nan Gwo Zantiy yo.
Zòn sa yo, k ap deplase dousman nan direksyon lès zile a, pral lakòz bonkou lapli, ale vini, loray epi kout van sou peyi a, sitou nan depatman Nò, Nòdès, Lwès, Nip, Latibonit ak Sant pou jodia ak pandan wikenn, nan fen jounen ak nan lasware. Pour rive lendi, Inite Idwometeyo prevwa sitiyasyon an ka vin miyò.
Poutèt lapli k ap tonbe sou peyi a, sitou nan depatman Nò, Nòdès, Lwès, Nip, Latibonit ak Sant ki anba menas inondasyon jodi vandredi a ak pandan tout wikenn nan, Inite Idwometeyo, mete ansanm ak Sekretarya pèmanan k ap jere malè pandye ak dezas epi direksyon Pwoteksyon sivil, mande tout moun k ap viv nan zòn malè pandye inondasyon, deboulonnay tè ak glismann teren rete veyatif epi pran tout prekosyon sekirite moun dwe pran nan moman gwo lapli, loray ak kout van.
-Finisman-
- Créé le :
- 23/03/2018 17:41
