Direksyon Pwoteksyon sivil remèt 5 radyo kominotè nan Nò ak Nòdès ekipman pou estidyo pwodiksyon

02 mars 2018 à 13:38
Publiée

Remise d'équipements à 5 radios communautaires du Nord.

Pawòl Dirèktè Pwoteksyon sivil la Doktè Jerry Chandler pandan l ap remèt 5 radyo kominotè nan Nò ak Nòdès ekipman pou estidyo pwodiksyon Dikrektè Egzekitif SAKS Direktris egzekitif REFRAKA Reprezantan Pwogram Nasyonzini pou devlòpman Kowodonatè teknik Pwoteksyon sivil nan depatman Nò Manm kominote depatmantal k ap jere risk ak dezas nan Nò Ajan ak volontè Pwoteksyon sivil ki la Animatè, jounalis ak teknisyen radyo kominotè yo Zanmi laprès Envite nou yo Pou mwen kòmanse, m ap swete nou tout bòn fèt. Jodia se premye mas. Tankou chak ane, depi 1990, dat sa a se fèt Pwoteksyon Sivil toupatou sou latè. Ki di Pwoteksyon Sivil, di nou tout. Chak moun, fanm tankou gason, chak fanmi, chak kominote dwe mete men, e mete men tout bon nan jefò n ap fè pou pwoteje byen, lavi ak anviwònman kote n ap viv la, sitou kote ki pi frajil yo parapòta menas lanati ak move konpòtman nou kòm moun. Ane sa a, tèm fèt la mete enstitisyon nasyonal yo devan. Kit se enstisyon Leta, ki se prive, nou tout dwe aji paske nou tout konsène. Jodia, se nan tout peyi a, komite Pwoteksyon Sivil yo ak patnè nou yo ap klewonnen gwo mesaj sa a : “Pwoteksyon Sivil ansanm ak enstitisyon peyi a, pou jere dezas yo pi byen”. Isit la nan Okap, n ap di byen fò : ·        Pwoteksyon Sivil mete ansanm ak SAKS ak REFRAKA, pou jere dezas yo pi byen. ·        Pwoteksyon Sivil mete ansanm ak Radyo kominotè nan depatman Nò ak Nòdès, pou jere dezas yo pi byen. Mesye Dam Animatè, jounalis ak teknisyen radyo kominotè ki la yo Pwoteksyon Sivil konsyan epi li konnen ki jan yon radyo kominotè, k ap byen fonksyone, enpòtan nan mitan yon kominote. Soti Pilat rive Karis, pase Plèndinò oswa Fò Libète, chak fwa nou pran mikwo, se pou popilasyon an nou pale, pi plis toujou, se popilasyon an menm k ap pale. Lè sa bon nou ankouraje li, lè sa pa mache oswa nan moman difisil yo, se nou menm ankò ki rete kanpe ak kominote a. Nou p ap janm bouke bat bravo pou gwo wòl radyo kominotè yo jwe nan ede otorite yo ak sèvis Leta rive jwenn popilasyon an. Paske nou se vwa popilasyon an, poutèt nou se zòrèy li tou, Pwoteksyon Sivil toujou konte sou nou, pou enfòme, sansibilize sou gwo malè pandye yo, chak moun, fanm tankou gason, chak fanmi, sitou sila yo ki nan kominote ki pi frajil yo. Nou konnen deja ki kalite rezilta kolaborasyon sa bay, nan bon tan tankou nan moman difisil yo. Nou konnen tou nou ka fè plis toujou. Menm jan ak rès kominote a, radyo a dwe pare li menm tou, si nou vle li kanpe ak popilasyon an tout bon. Yon bon radyo se yon radyo ki gen mwayen pou fonsyone. Kolaboratè SAKS ak REFRAKA, Se pa jodia n ap travay ansanm, men ane sa nou pase yon lòt kap. Nou fè anpil jefò, gras ak bourad Pwogram Nasyonzini pou devlòpman ansanm ak Gouvènman peyi Japon, pou ba nou plis mwayen pou nou fonsyone. Ane pase : ·        Nou te fè fòmasyon pou jounalis ak teknisyen yo ansanm ; ·        Nou te preprare sezon siklòn nan ansanm ; ·        Nou fete 25è anivèsè SAKS ansanm ; ·        Nou make 20 an Pwoteksyon Sivil la ansanm... Ane sa a ankò, n ap kontinye avanse ansanm, pandan youn ap ede lòt. Pwoteksyon Sivil renouvle angajman li, ansanm ak patnè li yo, pou li kontinye ede medya yo nan peyi a, sitou radyo kominotè yo, nan mezi li kapab. Animatè, jounalis ak teknisyen radyo kominotè ki la yo Jodia, genyen 5 radyo k ap benesye kout men sa a : yon lo ekipman dènye kri, k ap pèmèt nou amenaje yon estidyo nan radyo a menm, kote n ap kapab pwodui emisyon, repòtaj ak lòt ankò. Sa k t ap pi bon, se pou Pwoteksyon Sivil, PNUD ak Gouvènman Japon, ta ede tout 10 radyo kominotè ki nan depatman Nò ak Nòdès yo, e pouki pa anviwon 40 sa yo k ap fonksyone nan tout peyi a. Men mwayen nou pa pèmèt rive jis la pou kounya. Nou p ap kanpe nonplis. Nou konnen si radyo yo rezoud pwoblèm pwodiksyon ak koze enèji a, se deja yon gran pa nan jefò pou yo fonksyone kòmsadwa. E depi radyo yo ap byen fonksyone, Pwoteksyon sivil kapab konte sou yo pou li rive chak jou pi pre popylasyon an toujou. N ap avanse pazapa, konsa n ap ka konstwi ansanm, yon Ayiti ki djanm fas ak dezas. M ap di tout moun nèt mèsi M ap di nou tout bòn fèt Pwoteksyon sivil
Créé le :
02/03/2018 13:38