Ayiti : gen yon avi pou inondasyon ak mouvman teren sou peyi a

30 septembre 2017 à 19:03
Publiée

Avis d'inondation et mouvman teren (Kreyòl/Français).

Pòtoprens, samdi 30 septanm 2017.- Sekretarya pèmanan k ap jere risk ak dezas, nan tèt kole ak Inite idwometeyo Ayiti, lanse yon avi pou inondasyon, deboulonnay tè ak glisman teren pou tout peyi a, poutèt lapli ki prevwa jodi samdi a, demen dimanch ak lendi. Meteyo anonse Ayiti ka pran bon kou lapli ak loray depi aprèmidi a ak aswè a. Sitiyasyon meteyo pou Gwo Antiy yo dominen depi jounen samdi a ak pasaj yon onn twopikal, ki pote bon kou lapli ak loray, ak yon zòn move tan. Maten an, onn twopikal sila te sou Pòtoriko epi move tan te nan kannal Lamona. Y ap vanse sou zile Ayiti kote yo de a, mete ansanm, ka lakòz bon kou lapli pandan twa jou sa yo. Lapli a ap ogmante epi tonbe san rete dimanch swa nan moman move tan an pral pase sou Ayiti menm. Tankou chak fwa gen yon avi inondasyon ak mouvman teren ki lanse, Direksyon Pwoteksyon Sivil ki anndan Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo mande tout moun, fanm tankou gason, k ap viv nan zòn malè pandye inondasyon, glisman teren ak deboulonnay tè, pou yo rete veyatif epi mete an pratik tout mezi sekirite ki gen rapò ak gwo lapli ak loray. Koute oubyen pran nouvèl meteyo. Pa bay rimè enpòtans Mete tout papye enpòtan ansanm, mete yo yon kote ki asire Mare bèt ou yo pre kay ou. Konsa ou p ap bezwen ale lwen lè yo mande ou pou pa deplase Si kay ou nan zòn malè pandye, si w ou rete nan flan mòn, pre ravin, rivyè oubyen plaj, pran tout dispozisyon  pou si w ta oblije deplase pou w ale nan yon kay ki pi asire Lè loray ap gwonde, rete anndan kay pou w ka pwoteje tèt ou. Rete lwen pòt ak fenèt, menm si yo fèmen Pinga rete pare lapli anba pyebwa, ni bò kay ki wo. Pinga pwoche gwo antèn, ni ma drapo Pinga rete ni pre ni nan pisin, letan oswa nenpòt gwo dlo Pinga rete sou teren vag, tankou teren foutbòl ak baskèt konsa. -FINISMAN- Avis d’inondation et de mouvements de terrain en vigueur pour le pays Port-au-Prince, le 30 septembre 2017.- Le Secrétariat permanent de gestion des risques et des désastres, de concert avec l’Unité hydrométéorologique d'Haïti, a lancé, ce 30 septembre, un avis d’inondation, d’éboulement et de glissement de terrain pour l’ensemble du pays en raison des précipitations prévues pour ce samedi, demain dimanche et lundi. Des averses et des orages épars sont ainsi prévus sur le pays dès cet après-midi et en soirée. La situation météorologique des Grandes Antilles est caractérisée, ce samedi matin, par une onde tropicale active et une zone de mauvais temps. Celles-ci, localisées respectivement sur Porto Rico et dans le canal de la Mona, se dirigent vers l’île d’Haïti et leur interaction devrait faciliter le développement de nuages porteurs d’averses sur le pays pendant ces trois jours. Les averses seront plus intenses et soutenues dimanche soir, au moment du passage de cette perturbation d’altitude sur Haïti. Conformément à l’avis d’inondation et de mouvements de terrain, qui est le premier niveau d’alerte par rapport aux phénomènes hydrométéorologiques pour le pays, la direction de la Protection civile appelle les habitantes et les habitants des zones à risques d’inondation, d’éboulement et de glissement de terre à rester vigilants et à appliquer les consignes de sécurité habituelles en cas d’averses orageuses. -FIN-
Créé le :
30/09/2017 19:03