Alèt 1, vijilans wouj : ouragan Irma ka lakòz gwo van, gwo lapli ak vag disèt wotè sitou sou kòt Nò peyi d Ayiti

06 septembre 2017 à 14:00
Publiée

Alèt 1, vijilans wouj pou siklòn Irma (Kreyòl).

Pòtoprens, mèkredi 6 septanm 2017.- Gwo gwo siklòn Irma, k ap frape byen fò plizyè zile nan ti Antiy yo depi madi swa, ap kontinye vanse sou lanmè Karayib la kote li ka rive anfòs sou Ayiti demen jedi nan lannwit pou rive vandredi maten. Dapre analiz wout siklòn nan kapab pran, tout zòn Nò peyi d Ayiti, jis rive Omòl, pral pran gwo frap van ouragan, alòske rès depatman yo ka jwenn gwo van tanpèt. Irma se yon michan ouragan kategori 5, kidonk li rive nan pi gwo nivo nechèl Saffir-Simpson nan, ki la pou mezire siklòn. Konsa l ap pote anpil lapli ak loray, gwo gwo rafal van ki pral gaye kò yo, ki ka rache pyebwa, rache tèt kay. Anplis, Inite Idwometeyo prevwa lanmè a pral move anpil, pral gen gwo vag lawoul ki ka monte pi wo pase yon kay bas, y ap depase 2 rive 4 mèt wotè, sitou sou kòt Nò peyi a. Si Irma kontinye avanse konsa, li pral lakòz gwo inondasyon, glisman labou ak glisman teren nan nivo nou pa janm wè nan peyi a, sitou nan depatman Nò, Nòdès ak Nòdwès. Devan gwo malè pandye sa yo, Sekretarya Pèman k ap Jere Risk ak Dezas pase nan faz alèt 1 nan nivo vijilans wouj. Direksyon Pwoteksyon Sivil ap mande tout moun, fanm tankou gason, rete veyatif epi pran anpil prekosyon. Si w rete pre lanmè, ravin, larivyè, oswa nan zòn ki abitye genyen inondasyon, glisman teren, deboulonnay tè, si kay ou pa solid ase pou gwo fòs van siklòn, pa tann dènye moman pou evakye, sa vle di ale yon kote ki pi asire, tankou kay yon fanmi, yon zanmi. Si w pa gen lòt solisyon, fè yon dènye tchèk pou w konnen nan ki abri ou prale nan komin kote w ap viv la. Si w ap evakye : Tou chèche konnen anvan l twò ta ki wout w ap pran pou ale la, pou danje tankou gwo dlo pa siprann ou nan wout. Prepare twous ijans ou byen prepare. Mete ti lajan an rezèv. Pran tout papye enpòtan w, mete yo nan sachè pou yo pa mouye. Sonje fèmen pòt kay la byen fèmen anvan w deplase. Si p ap deplase : Anvan ou deside rete lakay ou, gade byen si li pa nan zòn danje epi si li solid ase pou reziste anba gwo van. Si w pran desizyon rete, ranfòse pòt ak fenèt yo. Si gen vit, bare yo epi asire w twous ijans ou pare : Mete dlo pou piti twa jou nan kay la. Bon dlo trete pou nou bwè ak pou nou sèvi. Prevwa 3 galon pa jou pou chak moun. Mete plis dlo toujou si w gen timoun, manman ki nouris ak moun ki malad nan kay la. Mete pwovizyon nan kay la, sitou manje ki p ap gate. Si gen timoun ak grandet nan kay la, prevwa manje ki bon pou yo menm. Mete pi plis pwovizyon pase sa w konn sèvi chak jou. Prevwa atik pou tibebe, fanm ak granmoun. Prevwa rad ki byen sèk – pa kite yo kote pou yo mouye – ak padsi. Prevwa flach, radyo ki mache ak pil avèk pil rezèv. Asire w telefòn ou chaje epi li gen kat Prevwa sa w ap bezwen pou w fè manje epi pou manje, tankou ti recho ak gaz, epi chodyè, asyèt, globè, kiyè… Mete medikaman sou lamen, sitou si gen moun ki sou trètman nan kay la. Mete tout papye enpòtan w yon kote yo p ap pran dlo. Si w gen machin, kamyonèt, mete ase gaz nan yo, pou si w ta bezwen apre. Si nou gen moun ki andikapenan kay la, mete sou lamen tout sa y ap bezwen pou fonksyone, tankou chèz woulan, beki, linèt, baton… Fè efò, depi w kapab, mete yon kit premye sekou nan kay la. Epi fè solidarite youn ak lòt, youn veye sou lòt. Kit w ap deplase, kit w ap rete lakay ou, pa bliye pwoteje bèt yo, si nou genyen. Sitou bèt ou gade. Pwoteksyon sivil mande tout moun, fanm kou gason, pa fè tèt di devan michan siklòn sa a. Ansanm ak Sekretarya pèmanan k ap jere Risk ak Dezas, ansanm ak Inite Idwometeyo, li mande nou kontinye swiv enfòmasyon ak konsiy otorite yo bay pou nou ka pwoteje lavi, lavi fanmi nou ak byen nou genyen. -FINISMAN- Kontak : Biwo Kominikasyon Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo infosmict@gmail.com (509) 4892 3169 (509) 2811 0619
Créé le :
06/09/2017 14:00