Direksyon Pwoteksyon Sivil mande popilasyon an pran devan parapòta siklòn Irma
05 septembre 2017 à 00:18
Publiée
Konsiy pou preparasyon siklòn Irma (Kreyòl).
Pòtoprens, lendi 4 septanm 2017.- Direksyon Pwoteksyon Sivil ki andann Ministè Enteryè ak Kolektivite
Teritoryal yo mande popilasyon an pa tann dènye moman pou prepare li parapòta
siklòn Irma, ki ka pase sou kòt Nò peyi a ant jedi oswa vandredi.
Inite
Idwometeyo anonse, jodi lendi a, ouragan Irma, kategori 3, ap deplase sou lanmè Atlantik la
kote li ka frape Ti Antiy yo apati demen maten, apre sa pou li vanse sou zile
Ayiti, pandan l ap rete yon gwo ouragan.
Parapò
ak menas gwo lapli, gwo van, lawoul ak mare tanpèt Irma ka charye, ki ka lakòz gwo inondasyon, deboulonnay tè ak
glisman teren, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas lanse ‘’faz preyalèt
1 nan nivo vijilans jòn’’, jodi lendi 4 septanm lan.
Direksyon
Pwoteksyon Sivil pwofite mande popilasyon an pou li :
Chache konnen ki abri pwovizwa ki gen nan zòn
ou abite a e kibò yo ye.
Gade si tèt kay ou, pòt ak fenèt an bon eta.
Epi ranfòse yo.
Koupe branch bwa ki sou tèt kay ou oubyen ki
sou fil kouran ki pre kay ou. Yo ka lakòz danje si gen gwo van ak gwo lapli.
Prepare kit ijans ou epi yon ti bwat zouti.
Chache yon kote ki asire pou mete bèt ou yo
pou sizoka.
Swiv enfòmasyon tout tan sou radyo,
televizyon ak sou Entènèt pou ka konn sa
k ap pase.
Prepare yon plan ijans pou fanmi w oswa regade
l si w gen youn deja.
-FINISMAN-
Kontak :
Biwo Kominikasyon
Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo
infosmict@gmail.com
(509) 4892 3169
(509) 2811 0619
- Créé le :
- 05/09/2017 00:18
