Lapli ap tonbe, rivyè ap desann : toujou rete veyatif

26 octobre 2012 à 10:34
Publiée

Konsèy vijilans pandan lapli ap tonbe.

La rivière l'Ilet en crue. Mercredi 24 octobre 2012. Ouragan Sandy. Haiti Lapli ap tonbe toujou. Pi fò rivyè nan peyi ap kontinye desann epi plizyè vil gentan inonde. Sant Nasyonal Meteyo, ansanm ak Dirèksyon Pwoteksyon Sivil e Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas ap raple tout moun k ap viv bò rivyè, bò lanmè epi nan zòn ki abitye gen inondasyon, glisman teren, deboulonnay tè pou yo kite zòn sa yo san pèdi epi ale yon kote ki pi asire. Sant Nasyonal Meteyo, Dirèksyon Pwoteksyon Sivil ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas mande tout popilasyon toujou rete veyatif : Pa kanpe pre rivyè ni sou pon pou ou gade lavalas dlo k ap desann. Pa janm janbe dlo k ap desann, ni a pye, ni sou bèt, ni nan machin. Pa travèse, ni rete sou pon ki ka kraze. Voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape, fanm ansent ak timoun yo. Fè solidarite ak yo. Pa kite timoun yo dòmi atè pou dlo pa siprann yo.
Créé le :
26/10/2012 10:34