Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo ap raple kèk bon konsiy pou moun k ap fete pandan Pak la
14 avril 2017 à 22:43
Publiée
Konsiy sekirite pou peryòd Rara a (Kreyòl).
Pòtoprens, vandredi 14 avril 2017 : Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo ap mande pwopriyetè ak majò jon bann rara pou yo pran anpil
prekosyon nan jan y ap òganize deplasman moun k ap fete anba responsablite yo,
sou tout pakou y ap fè. Se yon fason pou evite aksidan ak mouvman panik.
Ministè a mande moun k ap patisipe, ki prale oswa ki soti nan aktivite rara,
pou mete dlo nan diven yo, fè koutwazi, nan tèt kole epi san vyolans, pou chak
moun ka pwofite san kè sote nan youn nan pi gwo fèt nan kilti peyi nou.
Ministè a mande otorite lokal yo ak lapolis pou ranfòse operasyon kontwòl ak
lòt mezi sekirite pou anpeche aksidan ak lòt pwoblèm. Yo dwe toujou prevwa kèk
sitiyasyon epi sèvi ak kominikasyon pou pare ak tout kontraryete ki ta ka rive
sou pakou yo.
Direksyon Pwoteksyon Sivil jwenn konsiy tou pou li deplwaye, ni
nan nivo deptman yo, ni nan nivo lokal, sitou Komite Kominal Pwoteksyon Sivil
yo, yon fason pou akonpaye popilasyon an nan aktivite rara nan tout peyi a.
Yon lòt bò, Ministè Enteryè mande tout moun ki anvi al nan rara pou yo respekte
modòd otorite lokal yo ak konsiy lijyèn sou sa ya p manje, ak kalite
dlo ak tafya y ap bwè, pou evite tout dezagreman.
Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo swete tout moun, fanm kou gason,
pase yon bèl sezon fèt.
-FINISMAN.-
Kontak :
Biwo Kominikasyon
Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo
infosmict@gmail.com
(509) 4892 3169
(509) 2811 0619
- Créé le :
- 14/04/2017 22:43
