Règleman konkou foto Pwoteksyon Sivil sou Instagram

07 mars 2016 à 11:20
Publiée

Règleman konkou foto a (Kreyòl).

Règleman konkou #annparen Entwodiksyon Direksyon Pwoteksyon Sivil ap òganize yon konkou foto sou rezo sosyal Instagram. Konkou a gen 2 kategori : (i) fanmi nan tout peyi a ak (ii) òganizasyon k ap travay pou redui risk katastwòf ann Ayiti. Chak patisipan, depi yo  kalifye pou youn nan kategori yo, dwe fè youn oswa plizyè foto epi pòste yo sou platfòm Instagram. Patisipan an dwe montre : (i) yon aksyon fanmi li poze pou prepare li kont katastwòf (1ye kategori) oswa (ii) yon travay òganizasyon li ladan an fè pou rann yon kominote mwens vilnerab devan danje katastwòf (2èm kategori). Chak fwa yon konpetitè pòste yon foto, li dwe ajoute achtag #annparen ak @pwoteksyon_sivil. Tèm konkou a Tèm konkou sa a, se : An n pare n. Delè Konkou a ap kòmanse lendi 7 pou rive madi 22 mas 2016, a minwi, nan lè peyi d Ayiti. Òganizatè yo ap bay non fanmi ak òganizasyon ki genyen yo vandredi 25 mas. Limit, obligasyon ak jan kokou a ap deroule Konkou a gratis. Depi yon fanmi (yon moun ki reprezante li) ak yon òganizasyon (oswa yon moun ki reprezante li) gen yon kont instagram epi abòne sou kont Instagram @pwoteksyon_sivil la, apati yon kont ki pa vewouye, yo ka patisipe nan konkou a. Komite Pwoteksyon Sivil yo pa ladan. Okenn patisipan pa dwe pòste plis pase 4 foto nan konkou sa a. Si sa rive, jiri a ap kenbe, san reflechi, 4 nan foto yo sèlman. Patisipan yo dwe voye foto yo pran yo menm epi nan moman konkou a. Yo ka pran foto yo ak telefòn pòtab oswa ak yon aparèy foto nimerik. Foto ki retouche – montaj, chanjman… - p ap pase. Chak foto ki pòste dwe genyen : yon tit, yon ti deskripsyon, non vil ak depatman kote li fèt la, ak kategori li vize a (1ye kategori oswa 2èm kategori). Entènot yo ap chwazi yon chanpyon nan chak kategori dabò. Y ap klike « j’aime » sou foto yo chwazi yo. Vòt piblik la konte pou 40% nan total vòt yo. Apre sa, jiri a ap fin fè chwa yo. L ap pran foto ki koresponn ak règleman epi tèm konkou a sèlman. Jiri a p ap konsidere foto ki kraze diyite ak respè lòt moun. Prim Jiri a ap kenbe yon chanpyon pou chak kategori. Chanpyon 1ye kategori a ap resevwa HTG 10.000 (di mil goud) epi Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk ak Dezas la ap bay chanpyon 2èm kategori a yon plak rekonesans. Òganizatè yo ap voye yon imèl pou avèti moun ki genyen yo. Y ap tou di yo ki kote ak ki lè y ap ka jwenn prim yo. Orijinalite foto yo Fanmi ak òganizasyon k ap patisipe nan konkou a dwe bay garanti sa a, sou onè yo : se yo menm ki pran foto yo pòste yo. Epi y ap tou otorize Sistèm nan itilize foto sa yo. Chak fanmi oswa chak òganizasyon k ap patisipe nan konkou a dwe bay garanti sa a tou : foto yo pòste yo montre travay yo fè yo menm. Manm jiri a Jiri a genyen ladan : ·              2 kad Direksyon Pwoteksyon Sivil ·               2 manm Komite Tematik Edikasyon ak Sansibilizasyon piblik la ; ·              1 fotograf pwofesyonèl. Jiri a ap chita sou kalite ak orijinalite foto yo pou li chwazi sa ki genyen yo. L ap gade tou nan ki mezi yo respekte tèm konkou a. Jiri a gramoun tèt li. Toutotan prim yo poko remèt, li ka chanje rezilta konkou a, sitou nan ka kote patisipan yo ta falsifye foto yo. Enfòmasyon sou chanpyon yo ak jan y ap remèt prim yo Òganizatè yo p ap responsab si ta genyen foto ki pòste men ki pa parèt, pou yon rezon ou pou yon lòt, sou adrès sila :  https://www.instagram.com/explore/tags/annparen/ Patisipan an  ka bliye oswa li ka mal ekri achtag #annparen nan, foto yo pa ka itilize tou ak lòt rezon ki pa ekri isit la. Se moun jiri a anonse ki genyen yo sèlman ki kapab resevwa prim yo. Okenn lòt fotograf, an wetan chanpyon yo yo menm, p ap ka resezvwa prim yo. Piblisite ak pwomosyon chanpyon yo Fanmi ak òganizasyon ki patisipe nan konkou a tou bay Direksyon Pwoteksyon Sivil dwa pou li montre, repwodui, pibliye epi sèvi ak foto yo sou tout fòm, sitou enpresyon ak vèsyon nimerik. Depi yon patisipan aksepte prim yo, li tou dakò pou Direksyon Pwoteksyon Sivil itilize siyati li ak non li, oswa non òganizasyon li reprezante a, epi tou sèvi ak foto li, si gen bezwen, nenpòt kilè ak nenpòt ki kote, san okenn diplis pase prim konkou a. Dwa sou imaj Sizoka yon patisipan ta fè foto yon moun oswa plizyè moun nan yon sikonstans patikilye, li dwe pran angajman pou enfòme moun sa a oswa moun sa yo sou règleman konkou a. Moun sa a oswa moun sa yo dwe ba li otorizasyon pou li pòste foto a nan kad konkou a. Reklamasyon Depi yon fanmi oswa yon òganizasyon patisipe nan konkou sila, sa vle di li aksèpte règleman sa yo, epi li tou admèt li p ap fè okenn reklamasyon sou rezilta yo. Si gen ka sikonstans oswa pou nenpòt lòt rezon ki pa depann de yo, òganizatè ka chanje dat konkou a oswa anile li. Bòn chans ! Pòtoprens, 4 mas 2016
Créé le :
07/03/2016 11:20