Mesaj Minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo, M. Réginald Delva, pou kòmansman sezon siklòn 2014 la

02 juin 2014 à 02:34
Publiée

Mesaj pou kòmansman sezon siklòn 2014 la (Kreyòl).

Minis Réginald Delva, nan sant Operasyon ijans nasyonal la Pòtoprens, dimanch 1e jen 2014 - Tankou nou konnen l deja, pou rejyon Atlantik lan, sezon siklòn nan tanmen chak ane, jou ki premye Jen pou fini 30 novanm. Pandan peryòd sa, peyi D Ayiti ka sibi gwo lapli, inondasyon, gwo van ak gwo lanmè, ki ka lakòz dega sou tout peyi a, nan fanmi yo e sou chak moun. Konsa, nan kòmansman sezon siklòn nan, travay mwen kòm Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, ki se rèsponsab tout estrikti Pwoteksyon Sivil nan peyi a, se di nou sa ki ka rive, epi ki mezi nou pran pou nou fè fas a yo. Si n ap gade sou dènye ane ki pase yo, nou ta ka di ane sa a, sitiyasyon pa ta dwe twò difisil ; sa a, se sa kalkil yo bay. Men, lè nou gade kijan peyi a frajil devan menas move tan, tankou van ak lapli, nou blije toujou rete veyatif kelkeswa sa ki prevwa. Nou pa bliye, siklòn Jeanne nan lane 2004 ; gwosè dega 4 siklòn : Fay, Gustav, Hannah epi Ike, te fè youn apre lòt nan lane 2008. N ap sonje tou tanpèt Isaac ak siklòn Sandy an 2012. Tout dezas sa yo te simen dèy nan mitan fanmi nou, ralanti devlòpman peyi nou, men yo montre n sitou kijan peyi a frajil. Nou gen anpil jefò pou nou fè devan sa k ap tann nou ankò epi pou ede tout Ayisyen gen ase fòs pou reprann sans yo apre yon katastwòf. Devan reyalite sa a, nou p ap fè gwo diskou, nou pito di nou ki jefò ki fèt toutbon pou nou prepare sezon siklòn 2014 la, sitou nan sa ki gen pou wè ak : Plan ijans yo pou tout peyi a ;  Ranfòsman estrikti ki la pou nou byen kowòdone sa n ap fè epi kominike pi byen ak popilasyon an ;  Egzèsis similasyon ;  Fason n ap jere abri pwovizwa yo ;  Epi edikasyon ak sansibilizasyon popilasyon an. Pou sa ki konsène Plan ijans yo : Nou deja genyen pare, yon Plan ijans nasyonal ak 10 lòt, youn pou chak depatman peyi a ; Nou prepare tou 50 plan repons pou kominin yo, ki prevwa sa chak responsab gen pou fè nan sitiyasyon ijans yo. Pou sa ki konsène enfòmasyon ak kominikasyon : Nou fè fòmasyon nan tout depatman yo pou moun k ap gen pou resevwa epi trete enfòmasyon k ap soti sou teren ;  Nou fè fòmasyon pou moun nan Komite tout depatman yo, k ap gen pou evalye dega nan tout sektè apre yon dezas ; Moun ki rèsponsab kominikasyon nan 10 depatman yo, pran fòmasyon tou. Pou sa ki gen pou wè ak egzèsis similasyon :           N ap prepare yon gwo egzèsis similasyon pou 30 ak 31 jiyè, k ap kouvri nivo santral, depatman Nip ak Grandans ; Gen 4 egzèsis similasyon ki gen pou fèt tou nan 4 lòt depatman. Pou abri pwovizwa yo : Nou gen lis tout abri pwovizwa nou ka itilize pou sezon siklòn sa a ; Nou lokalize abri sa yo sou yon kat ; Pou kounya, n ap gade nan ki eta abri sa yo ye ; Komite pou jere abri yo ap resevwa fòmasyon tou ; Nou pase men nan kaye ki bay prensip pou ede n jere abri yo. Pou sa ki konsène fòmasyon ak sansibilizasyon popilasyon an : Nou prevwa 10 rankont nan depatman yo ak rèsponsab medya yo ; Nou fòme moun pou fè kanpay sansibilizasyon ; Nou pral distribiye anpil kit pou ede fanmi yo monte plan ijans pa yo ; N ap tou demare nan medya yo, yon gwo kanpay nasyonal sou menas ki ka frape nou nan peyi D Ayiti. Nou rive fè tout travay sa yo, paske Gouvènman an ak patnè Sistèm nasyonal k ap jere risk ak dezas yo, tankou Etazini, Inyon Ewopèyen, Bank mondyal, Pwogram Nasyonzini pou devlòpman (PNUD), Biwo Kowòdinasyon afè imanitè (OCHA) ak CEDEMA, ap kontinye ranfòse men nan men, tout estrikti Pwoteksyon sivil yo. Men, gen anpil travay pou nou fè ankò, pou nou byen prepare sezon siklòn sa a e Administrasyon Martelly-Lamothe la byen konprann sa. Se pou sa, li pran tout dispozisyon pou : Mete fon ijans nan tout depatman yo ; Mete ekipman, materyèl ijans ak pwodui premye nesesite nan Sant operasyon ijans nan depatman yo ; Mete moun ki kalifye pou travay nan Sant sa yo ; Ranfòse sistèm kominikasyon radyo nou genyen jodia ; Fè plis moun konnen toujou, depi nan kapital la rive nan seksyon kominal yo, sa k ap fèt e sa yo dwe fè pou fè fas kare a dezas. Fè plis netwayaj nan kannal ak nan ravin yo, sitou nan zòn kote gen anpil moun rete ; N ap tou raple chak delege depatmantal, ajan egzekitif enterimè yo ak kowòdonatè Kazèk yo, responsabilite yo genyen pou yo fè komite Pwoteksyon sivil yo byen fonksyone nan zòn pa yo, epi pote sekou ak asistans bay popilasyon an lè gen move tan. Nan non Administrasyon Martelly-Lamothe, mwen pa ka fini san mwen pa di laprès yon gwo mèsi poutct konkou li pa janm neglije ban nou nan  enfòme popilasyon an sou risk ak dezas, sitou siklòn, e sou jan li ka pwoteje lavi li ak sa li posede, jan Dirèksyon Pwoteksyon sivil ak Sekretarya pèman k ap jere risk ak dezas toujou mande.  Mèsi zanmi laprès yo. Dènye mo map di pou chak moun : « Se mèt kò ki veye kò ». Rete veyatif lè gen move tan ! Tande konsiy yo epi mete yo an pratik, pou ni ou, ni fanmi w pa viktim ! Mèsi ! Message du Ministre de l’Intérieur et es Collectivités territoriales, M. Réginald Delva, à l’occasion de l’ouverture de la saison cyclonique 2014 Le Ministre Réginald Delva et d'autres membres du Système national de gestion des risques et des désastres Port-au-Prince, dimanche 1er Juin 2014 - Comme vous le savez déjà, pour la région de l’Atlantique, la saison cyclonique démarre chaque année le 1er juin pour prendre fin en principe le 30 Novembre. Au cours de cette période, nous devons, en Haïti, nous attendre à faire face à des pluies violentes, des inondations, de forts vents et des cyclones qui peuvent avoir des impacts considérables sur le pays en général, sur chaque famille, chaque individu  en particulier. Aussi, est-il de mon devoir, en ma qualité de Ministre de l’Intérieur et des Collectivités territoriales, Responsable des structures de Protection Civile au niveau national, à l’occasion de l’ouverture de la saison cyclonique 2014, de faire le point sur les prévisions de cette saison et les dispositions adoptées pour faire face à d’éventuels risques de catastrophes.    Comparé aux années précédentes, on serait tenté de croire qu’il s’agit de pronostics rassurants d’une saison qui sera clémente, mais dois-je rappeler qu’il s’agit là de prévisions et qu’en outre la vulnérabilité extrême d’Haïti aux événements hydrométéorologiques nous oblige à nous préparer constamment quel que soit la prévision.  En effet, nous ne devons point oublier le cyclone Jeanne en 2004 ; l’impact des quatre cyclones successifs Fay Ana, Gustav et Ike en 2008 ; la tempête Isaac et l’ouragan Sandy en 2012. Toutes ces catastrophes ont non seulement endeuillé de nombreuses familles haïtiennes, sapé fortement les efforts de développement mais aussi et surtout ont démontré l’extrême vulnérabilité du pays. L’enjeu est de taille, vu l’ampleur de la tâche à accomplir et les efforts à déployer pour renforcer la résilience de la population. Fort de cette réalité, il n’est pas question pour nous de faire de grands discours aujourd’hui, mais plutôt de présenter les efforts concrets réalisés pour la préparation de la saison cyclonique 2014, notamment en matière de :  Développement des plans de contingence à tous les niveaux ;  Renforcement des structures de coordination en gestion de l’information et de la communication ;  Exercices de simulation ;  Planification pour la gestion des abris provisoires ;  Education et de Sensibilisation du public. Pour les Plans de contingence, signalons les réalisations suivantes : 1 Plan de contingence national et 10 Plans de contingences départementaux finalisés ;  50 plans de réponse communaux élaborés.  En matière de Gestion de l’Information et de la Communication, il est bon de noter :  La Formation des animateurs des aires de traitement des données au niveau des départements ;  La Formation des Comités départementaux sur les évaluations multisectorielles au niveau des 10 départements ;  La Formation des cadres en communication au niveau des 10 départements.  En ce qui concerne les Exercices de simulation : Un exercice de simulation national (SIMEX),planifié pour les 30 et 31 juillet 2014 (niveau central, Nippes et Grand’Anse) ;  Quatre SIMEX de tables prévus dans quatre départements.  En ce qui concerne la planification pour la Gestion des Abris Provisoires, les activités suivantes ont été réalisées : La mise à jour de la liste des abris provisoires ;  La cartographie des abris provisoires au niveau national ;  L’évaluation des abris en cours ;  La Mise en place de comité de gestion des abris ;  La mise à jour du Manuel de réponse d’abris d’urgence.  Dans le domaine de l’Education et de la Sensibilisation du Public, il y a lieu de noter :  10 rencontres départementales avec les médias ;  La formation sur les campagnes de sensibilisation ;  La distribution de 2000 kits sur la mise en place de plans familiaux ;  Le lancement de la campagne médiatique nationale (multirisque).  Toutes ces avancées ont été possibles grâce à un renforcement des structures de Protection Civile par le gouvernement et un appui de plus en plus soutenu des partenaires clés du Système National de Gestion des Risques et Désastres notamment les Etats-Unis, l’Union Européenne, la Banque Mondiale, le PNUD, le Bureau de Coordination des Affaires Humanitaires (OCHA), les partenaires humanitaires en général, le Centre Caribéen pour la Gestion des Désastres. Cependant, beaucoup reste encore à faire pour bien préparer la saison cyclonique 2014 et l’Administration Martelly-Lamothe en est pleinement consciente. Aussi, le gouvernement est en train de prendre des dispositions pour :  Pré-positionner des Fonds d’urgence au niveau des départements ;  Équiper les entrepôts des Centres d’opération d’urgence départementaux en produits de premières nécessités et kits de premiers secours ;  Renforcer en ressources humaines qualifiées et entraînées les Centres d’opération d’urgence départementaux ;  Renforcer le Système de radio communication entre le Bureau central et les Centres d’opération d’urgence départementaux ;  Multiplier la campagne d’information et de sensibilisation de la population au niveau de toutes les communes, de toutes les sections communales et des habitations ;  Accentuer les travaux de curage dans de nombreuses agglomérations.  Je profite pour rappeler aux Délégués départementaux, aux Agents exécutifs intérimaires et aux Coordonnateurs des Assemblées des Sections communales, la responsabilité qu’ils ont d’assurer le bon fonctionnement des structures de Protection civile dans leur juridiction afin qu’ils soient en mesure de porter secours et assistance aux populations lors des intempéries. Je ne saurais terminer sans adresser, au nom de l’Administration Martelly-Lamothe, un mot spécial à la presse qui n’a jamais marchandé son concours quand il s’agit d’informer la population sur les risques cycloniques, les consignes de sécurité transmis par la Direction de la Protection civile et le Secrétariat permanent de gestion des risques et désastres, ce qui contribue beaucoup à sauver les vies et les biens.  Merci, chers amis de la presse ! Mon dernier mot est à la population haïtienne : « Se mèt kò ki veye kò ». Rete veyatif lè gen move tan ! Tande konsiy yo epi mete yo an pratik, pou ni ou, ni fanmi w pa viktim ! Merci !
Créé le :
02/06/2014 02:34