Ki sa pou nou fè nan sezon siklòn

23 août 2012 à 20:00
Publiée

Konsèy sekirite pou sezon siklòn nan (Kreyòl).

MEN SA POU FÈ RANJE KABANN OU ANVAN DÒMI JE W Chache konnenn si kay ou pa nan yon zòn inondasyon, eboulman (deboulonnay tè) oubyen glisman tè. Chache konnen ki abri pwovizwa ki gen nan zòn ou abite a e kibò yo ye. Gade si tèt kay ou, pòt ak fenèt an bon eta. Epi ranfòse yo. Koupe branch bwa ki sou tèt kay ou oubyen ki sou fil kouran ki pre kay ou. Yo ka lakòz danje si gen gwo van ak gwo lapli. Prepare kit ijans ou e yon ti bwat zout. Chache yon kote ki asire pou mete bèt ou yo pou sizoka. Tande radyo e gade televizyon tout tan, swiv enfòmasyon sou Entènèt pou ka konn sa k ap pase. Prepare yon plan ijans pou fanmi ou. MEN SA POU FÈ PRE ALÈT II (ANVIWON 2 JOU ANVAN SIKLÒN NAN RIVE) Koute bilten meteyo nan radyo ak nan televizyon, pa koute rimè. Mete tout papye enpòtan w an sekirite. Mete bèt ou yo pi pre lakay pou pa nan mache lwen lè siklòn nan pral rive. Ranfòse fenèt kay la pou ka pwoteje tèt ou ak moun ki anndan kay la. Chache gen yon fenèt oubyen yon pòt ki ka louvri sou lòt bò kay la, pou ka chape poul ou si gen danje. Si ou gen machin, plen l gaz pou ka gen yon bon rezèv. MEN SA POU FÈ FAZ ALÈT I (MWENS PASE YON JOU, ANVAN SIKLÒN PASE) Si ou abite bò ravin, bò kote dlo konn desann oubyen bò lanmè, pran dispozisyon pou deplase pou ale nan abri pwovizwa oubyen nan yon lòt kay ki an sekirite nan yon lòt zòn. Mete bèt ou yo an sekirite. Mete an sekirite tout sa ou sispèk van ka bwote e ki deyò kay la: poubèl, zouti, afich, lanp dekorasyon, anpoul, elatriye. Desann atè tout sa ki anlè: antèn, ansèy, pano piblisite, kokoye… ki sou tèt kay la pou van pa bwote yo. Retire epi anbale tout bagay lejè ki nan mi kay la pou yo pa tonbe, tankou: tablo, ankadreman, òlòj, liv, materyèl biwo, biblo… Mete tep adezif sou vit pòt ak fenèt ki nan kay la oubyen mete moso twal nan fasad anndan yo pou pwoteje moun si vit yo pete oubyen kase. Pa ale lwen lakay ou, sitou si l ap pran yon ti tan, tankou demi jounen, pou tounen. Pa ale nan lanmè. Si w te gen tan nan lanmè, tounen lakay. Rale kannòt yo, epi mare yo solid lwen rivaj la. Si gen you moun ki rive lè pou l akouche, mennen l lopital ki pi pre ya pou yo ka pran swen l si li ta bezwen sa. Voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo. MEN SA POU FÈ FAZ ALET II (DEMI JOUNEN ANVAN SIKLÒN NAN PASE, OUBYEN PANDAN SIKLÒN NAN AP PASE) Rete lakay ou si kay la solid epi si li pa nan zòn inondasyon ak radmare. Si w soti w ap riske lavi w. Si ou panse kay ou pa solid oubyen li vilnerab, deplase al yon lòt kote, nan abri pwovizwa oubyen nan lòt kay ki pa menase. Rete anndan kay jiskaske siklòn nan fin pase. Si kay la sanble ap kraze pandan siklòn nan ap pase, mete kò w anba yon tab, anba lento pòt oubyen nan yon lòt kote nan kay la ou panse ki solid. Pa mete kò w dèyè pòt ak fenèt an vit. Vit yo ka pete si gen gwo van oubyen si bagay van bwote vin frappe yo. Pa rete sou balkon, paske ou ka tonbe sou balkon an. Siveye bagay k ap tonbe, si tèt kay ou an tuil, pou pa blese. Rete veyatif, poze, tande radyo pou ka okouran sa k ap pase. Debranche kouran pou w diminye risk pou dife pran. Pa limen dife tankou alimèt, bouji, lanp tèt gridap, lanp kerozèn. Sa ka met dife nan kay la. Sèvi ak brikè oubyen yon flach. Pandan siklòn nan ap pase, van yo ka rete bridsoukou. Sa vle di zòn ou ye a nan « Je siklòn nan ». Sa pa p dire. Toujou rete anndan kay la, paske van yo ap tounen pou pi rèd. Kontinye voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo. MEN SA POU FÈ LÈ SIKLÒN FIN PASE Lè siklòn fin pase, pa benyen nan lapli ni nan pisin. Loray ka frape w si w fè sa. Chache swen lasante pou viktim yo. Konsa ou ka ede sove lavi kèk moun. Fè rapò bay Pwoteksyon sivil sou dega ou remake (avèk foto, videyo si posib). W ap ede otorite yo bay repons pi rapid. Kontinye koute radyo pou ka konn sa k ap pase. Pa gaspiye kouran ni gaz. Kontinye fè rezèv dlo. Ou pa janm konnen, ka gen pwoblèm dlo. Verifye manje ou te sere yo, amenaje yo pou yo pa gate. Pa ale nan zòn ki gen gwo dega, sof si ou kalifye pou sa. Kontinye voye je sou granmoun ki fèb, moun ki andikape ak timoun yo. Toujou fè solidarite ak yo.
Créé le :
23/08/2012 20:00