Mesaj ofisyèl Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Mesye David Basile, nan okazyon kòmansman sezon siklòn 2013 la

03 juin 2013 à 11:09
Publiée

Mesaj ofisyèl pou sezon siklòn 2013 la (Kreyòl).

Jodi a premye Jen, sezon siklòn nan louvri ofisyèlman nan peyi Dayiti ak nan lòt peyi ki nan rejyon Karayib la. Sezon sa a ap bout 30 novanm. Yon sezon, ki tradisyonèlman pote ak li pil ak pakèt katastwòf tankou : inondasyon, gwo van, deboulonay tè, boulvari nan zòn kotyè yo, ak gwo konsekans kote anpil moun mouri, anpil byen pèdi ak gwo dega sou anviwònman an. Pou lane 2013 la, ekspè yo prevwa 18 siklòn nan rejyon an. Dapre menm ekspè sa yo, 9 ladan yo kapab tounen gwo siklòn. Fas a malè pandye sa yo, tout moun dwe toujou veyatif, sitou moun k ap viv nan zòn vilnerab yo, moun k ap viv nan kan yo, bò rivyè yo, bò ravin yo, nan zòn kote kanal yo pase, tou pre lanmè yo, ak moun k ap viv nan plenn yo. Mete sou sa, move kondisyon drenaj ak asenisman nan katye popilè yo ak move jesyon fatra, epi tou move jesyon matyè plastik ak tout lòt dechè ki bouche kanal yo ansanm twou egou yo. Nan mòn yo, anviwònman vin pi frajil toujou, akòz fason nou kontinye travay latè, nan fè jaden sou pant apik yo, nan koupe pye bwa pou dry cleaning, boulanje, chabon… Tout move fason sa yo n ap sèvi ak anviwònman pote kòm konsekans pil ak pakèt tè ki kapab fè nou pwodwi anpil manje al nan lanmè. Gouvènman an konsyan anpil sou posiblite ki genyen pou moun k ap viv nan kondisyon difisil yo trape maladi kolera pandan peryòd sa a. Menm jan tou, Gouvènman konsyan sitiyasyon mizerab plis pase yon milyon Frè ak Sè nou ap viv kounye a, kapab vin pi rèd toujou si yon gwo siklòn frape peyi a ane sa a. Nan mwa ki sot pase la yo, Gouvènman an te kire ak drene yon bon valè rivyè nan peyi a, yon fason pou anpeche kominote sa yo inonde. Malgre Gouvènman an pa gen anpil mwayen ekonomik, li fè jefò pou bay sistèm sanitè a plis jarèt, menm jan tou, li ranfòse sistèm sekirite alimantè a. Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk ak Dezas yo, bò kote pa li, tankou l abitye fè sa chak ane, sansibilize popilasyon yo, k ap viv nan 10 depatman peyi a, sou nesesite pou byen respekte tout konsiy ijans yo. Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, pwofite okazyon sa a pou raple tout estrikti Pwoteksyon Sivil nan tout peyi a, tout Delegasyon yo, tout Meri yo, tout KASEK yo ansanm ak ASEK yo, responsablite yo genyen pou gaye bon jan enfòmasyon, enfòmasyon k ap itil popilasyon yo nan moman move tan, epi tou pou kowòdone ak pote sekou bay popilasyon yo depi gen nesesite pou sa. Gouvènman an pwofite voye yon gwo kout chapo bay : Kominote entènasyonal la, ONG yo, Sosyete Sivil la, Laprès pou sipò yo toujou pote e y ap kontinye pote pou ede popilasyon an fas a dezas sa yo. Nan non Gouvènman an, mwen mande tout popilasyon ayisyèn nan, rete djanm, pa pran nan panik, pou ansanm ak sipò tout estrikti Pwoteksyon Sivil yo, nou rive jere sitiyasyon difisil ki kapab frape peyi a nan 6 mwa k ap vini la yo. Mèsi !
Créé le :
03/06/2013 11:09