Tanpèt Twopikal Isaias : moun nan zòn malè pandye yo dwe prepare pou si yo ta oblije evakye

31 juillet 2020 à 01:27
Publiée

Tanpèt Twopikal Isaias: konsiy pou evakyasyon.

CP: 202007 – 03 KOMINIKE POU LAPRÈS Tanpèt Twopikal Isaias : moun nan zòn malè pandye yo dwe prepare pou si yo ta oblije evakye Pòtoprens, jedi 30 jiyè 2020.- Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande moun ki rete nan zòn ki konn gen inondasyon, deboulonnay, glisman teren oswa kote lanmè konn anvayi, prepare yo pou si yo ta oblije deplase. Vijilans oranj la kenbe pou tout peyi a, dapre sizyèm bilten espesyal Inite Idwometeyowolojik Ayiti soti maten an, jedi 30 jiyè 2020, konsènan tanpèt twopikal Isaias. Maten an, fenomèn sila, ki batize yèswa, te twouve l anba pwent lès Dominikani epi a 400 kilomèt vil Pòtoprens. Tanpèt twopikal Isaias t ap deplase nan direksyon nòdwès ak yon vitès 31 kilomèt alè. Li pote van k ap vire jiska 95 kilomèt alè. Anvan menm li fin rive sou peyi a, li deja lotè lapli ak kout van kèk kote nan depatman Nòdès, Nò, Sant ak Latobonit. Dapre Inite Idwometeyowolojik Ayiti, mitan siklòn nan ka rive sou kòt Nò peyi a aswè a menm. Menm si li ka pèdi fòs lè l ap travèse Dominikani, tanpèt Isaias ka pote bon kou lapli (75 rive 125 milimèt), sitou nan mòn yo. Sa ki ka lakòz inondasyon, gwo rafal van epi gwo lanmè sou kòt Nò peyi a ak nan gòf Lagonav. Poutèt sa, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon pou : -     Kontinye swiv nouvèl meteyo ; -     Swiv konsiy otorite yo ; -     Mete ti manje ki p ap gate nan kay la ; -     Prepare pou w deplase ale yon kote ki pi asire si rete nan zòn ki konn inonde, kote konn genyen glisman teren, deboulonnay, tankou bò lanmè, ravin, rivè ak nan flan mòn). Pwoteksyon Sivil ap tou raple moun ki konn pran lanmè, pechè, kaptenn bato, Sèvis maritim ak Navigasyon peyi d Ayiti ansanm ak Inite Idwometeyowolojik entèdi, pou yon ti tan, tout aktivite kabotaj sou kòt Nò peyi a ak nan gòf Lagonav poutèt move kondisyon lanmè. –FIN- Tanpri swiv nou pou nou jwenn  tout dènye enfòmasyon yo : http://www.facebook.com/pajpwoteksyonsivil http://twitter.com/pwoteksyonsivil https://soundcloud.com/pwoteksyon-sivil www.pwoteksyonsivil.blogspot.com www.pwoteksyonsivil.gouv.ht http://www.meteo-haiti.gouv.ht/vigilance.php
Créé le :
31/07/2020 01:27