Prepare yon kit dijans pou n pa panike lè gen dezas
22 août 2012 à 17:52
Publiée
Lis sa pou nou mete nan kit ijans la.
Sa pou nou mete nan kit ijans la
Men sa nou bezwen pou n prepare yon ki dijans:
Yon bokit ak tout kouvèti l ; gwo savon ; klowòks
likid ak yon tochon pwòp.
Byen
lave bokit la ak gwo savon. Apre sa, rense l pwòp. Pa kite yon ti kras kim ladann;
Dezenfekte bokit la ak yon dlo pwòp ki gen klowòks ladann – mete yon ti kiyè
klowòks likid nan yon lit dlo (2 boutèy gran manjè egal 1 lit) ;
Byen
sekwe bokit la, yon fason pou ou mouye tout kò l ;
Apre w
fin dezenfekte bokit la, rense l pwòp ak dlo potab. Seche l ak yon tochon pwòp
; Make bokit la ak fet (makè) pou w pa boukante l ak lòt veso ;
Mete tout sa w ap
bezwen nan kit dijans la nan bokit la.
Dlo
Sere pou piti 3 galon pa
jou pou chak moun. Dlo pou bwè ak dlo pou sèvi.
Sonje :
Timoun,
manman ki nouris ak moun ki malad ap bezwen plis dlo ;
Si w
rete yon kote ki fè cho, ou ka bezwen plis dlo tou ;
Gen pou
pi piti 2 fason ou ka trete dlo: bouyi l oubyen mete klowòks ladann. Lè w fin
trete dlo a, tann li poze pandan 30 minit anvan ou sèvi avè l ;
Sere dlo
a nan yon veso plastik ki pwòp e ki byen fèmen, tankou yon galon konsa. Mete l yon
kote ki fre e ki pa p pran solèy ;
Si se pa
dlo trete w achte nan boutèy fèmen, ou dwe ranplase l chak 6 mwa.
Manje ki p ap gate
Manje
konsèv (sadin, ton, lòt pwason, mayi, pwa, sosis, janbon…) ;
Pwason
seche (aran, lanmori) ;
Ji,
poudlèt, sik, diri, pwa, konfiti, manba, lwil, biswit sèk, bonbon, sirèt…
Manje espesyal pou
timoun ak granmoun
Manje
tou kwit ;
Lèt ;
Sereyal…
Atik espesyal pou tibebe, fanm ak granmoun
Daypè ;
Sèvyèt
ijyenik.
Tout sa ki ka sèvi
Flach ak
pil rezèv;
Radyo ak
revèy ki mache ak pil ;
Alimèt
(pa kite bwat la mouye) ;
Sachè
ki pa p pran dlo pou pwoteje tout papye enpòtan
w yo ;
Gwo
sachè pou mete fatra ;
Ensèktisid ;
Siflèt
pou si w andanje ;
Doub kle
kay ou ;
Bwat zouti...
Kit premye sekou - Medikaman
Boul
koton ;
Twal gaz
esteril ;
Dlo
oksijene ;
Betadin
;
Pomad
antibyotik ;
Pomad
kòtizòn 1%
Adezif
plizyè lajè ;
Gan ;
Sizo ;
Remèd
pou doulè (analjezik) ;
Remèd pou lafyèv : siwo, grenn ;
Sewòm
oral ;
Medikaman doktè preskri w (pou tout moun
ki sou trètman).
- Créé le :
- 22/08/2012 17:52
